Accessibility links

Breaking News

Venezyela di li Fouke 6 Etranje ki Swadizan Patisipe nan yon Konplo pou Touye Prezidan Maduro


(FILES) Venezuelan deputy Diosdado Cabello gestures while leaving the Supreme Court of Justice (TSJ) in Caracas on August 9, 2024.
(FILES) Venezuelan deputy Diosdado Cabello gestures while leaving the Supreme Court of Justice (TSJ) in Caracas on August 9, 2024.

BOGOTA, Kolonbi (AP) — Otorite Venezyelyen yo di ke yo te arete 6 etranje, pami yo gen ladan yo 3 Ameriken, akize yo de konplo pou asasinen Prezidan Nicolas Maduro.

Minis enteryè a peyi a Diosdado Cabello Samdi te anonse arestasyon yo sou televizyon leta a.

Cabello te deklare ke moun yo te fè pati yon konplo CIA te dirije pou ranvèse gouvènman an.

Li te montre imaj fizi yo te konfiske nan men sispèk yo.

Otorite Etazini ak Panyòl pa fè kòmantè sou arestasyon yo.

Anons sa a vini apre sanksyon Etazini te pran sou alye Maduro yo ak rekonesans Espay sou kandida opozisyon Edmundo Gonzalez kòm moun ki genyen eleksyon an.

Maduro te toujou ap lanse akizasyon ke Etazini ap eseye ranvèse li.

XS
SM
MD
LG