Plis Pase 2300 Moun Kouri Kite Kay yo Akoz LaGè ki nan Site Solèy ak Delmas (OIM)

Haitian migrants who have just arrived after U.S. authorities flew them out of a Texas border city on Sunday hire moto taxis after leaving the airport, in Port-au-Prince, Sept. 19, 2021.

Soti 10 pou rive 13 septanm 2024, gen plis pase 2300 moun ki kouri kite kay yo akoz afwontman ki genyen ant gang k ap kraze brize nan zòn Delmas ak Site Solèy.

Daprè yon rapò Oganizasyon Entènasyonalpou Migrasyon (An fransè: Organisation Internationale pour les Migrations OIM) pibliye, gwo kout zam k ap chante nan katye popilè yo nan Pòtoprens, prensipalman nan zòn site solèy ak 2e site Sen Maten, fòse 2327 abitan kouri kite kay yo pou al refijye yon lòt kote.

Selon sa OIM rapòte, plis moun ki oblije kouri kite kay yo soti nan katye Boston.

Gen 2061 abitan ki tap viv nan katye popilè Boston ki kite zòn nan akoz batay ak gwo zam fann fwa ki genyen ant gang yo.

Yon lòt bò, 366 abitan nan Site Sen Maten, nan komin Delmas oblije pliye zafè yo epi bay talon yo, toujou akoz pwoblèm gang lan k ap vale teren nan kapital la.