Lapolis Eta Ohio Pral Pwoteje Lekòl yo Apre Pale Anpil sou Migran Ayisyen yo

Gouvene Ohio Mike DeWine bay yon konferans pou lapres Lendi, 16 Sept. 2024 nan otel de vil Springfield, Ohio.

Lapolis eta Ohio pral ede pwoteje lekòl yo nan yon vil kap fè fas ak plizyè douzèn menas vyolans akoz yon pale anpil nasyonal ki soulve kolè pa rapò ak migran Ayisyen yo.

Gouvènè Ohio, Mike DeWine anonse nouvèl la Lendi pandan yon parèt li te fè nan Springfield.

Gouvènè a di polisye ki konn fè patwouy sou otowout Ohio yo pral kanpe devan lekòl vil la apati Madi epi enspekte tout bilding lekòl yo chak maten.

Springfield anile selebrasyon divèsite, ar ak kilti anyèl li fas ak menas yo.

Springfield te atire atansyon anpil moun sa pa gen lontan, apre ansyen Prezidan Donald Trump ak kolistye li, JD Vance te anplifye mansonj kote moun deklare kòm kwa migran Ayisyen yo ap manje chat, chen ak zwa moun vil la.