Trump ap Mennen Kanpay nan Wès Etazini, Harris al Pènsilvani

Election 2024 Trump

Ansyen prezidan Donald Trump pral mennen kanpay nan eta nan wès Etazini pandan ke opozan li, Vis Prezidan Kamala Harris kontinye konsantre sou eta chan'd batay ki gen plis vwa elektoral yo - Pensilvani.

Trump supoze patisipe nan sa kanpay li dekri tankou yon konferans pou laprès sou teren gòlf li genyen nan zòn Los Angeles, anvan li ale nan nò Kalifoni pou yon maraton. Apre sa li pral patisipe nan yon miting politik nan Las Vegas.

Harris pandansetan, pran direksyon Johnstown ak Wilkes-Barre Vandredi pandan lap eseye pwofite momentòm lap jwi apre deba Madi swa a.

Se dezyèm jounen youn apre lòt mitin politik, apre li sot patisipe nan 2 mitin nan Kawolin di Nò, ki se yon lòt eta "balanswa" Jedi.