Diskisyon ap Fèt nan LONU sou Posibilite pou Konvèti Misyon Miltinasyonal Ayiti a an Fòs Mentyen Lapè

Polisye Kenya yo kanpe nan ayeropo entenasyonal Toussaint Louverture la apre yo ateri Potoprens, 25 Jyen, 2024.

Dapre enfòmasyon VOA obteni, Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni Linda Thomas Greenfield ap travay ansanm ak anbasade Ekwate sou yon pwoje rezolisyon ke yo pral prezante devan konsey sekirite a 30 Septanm ki gen pou we ak avni Fòs Sipò Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a.

Dokiman VOA we a gen ladann, yon demann pou LONU kòmanse planifyse pou tranzisyone misyon MSS la ak yon Operasyon Mentyen Lape LONU. Dokiman an di objektif mezi sa a se ta mentni akonplisman MSS la rive atenn jiskaprezan.

Pandan vizit li nan peyi d Ayiti, Sekrete d Eta Antony Blinken te di yon misyon mentyen lape LONU se youn nan opsyon Etazini ap konsidere nan moman lap chache jwenn finansman lòt peyi etranje ak sipò materyel pou MSS la.

Gen anpil moun ki kritike polisye Kenyan yo paske dapre yo akoz mank pwogre vizavi gang ame yo, ki kontinye ap teworize katye ozalantou Pòtoprens epitou atake lapolis.

Blinken deklare pandan konferans pou lapres li te bay anvan li te pran avyon pou al Repiblik Dominiken ke li pral travay pou oganize yon rankont ministeryel nan kad rankont anyel Nasyonzuni an, pou diskite sou sipò pou misyon miltinasyonal pou Ayiti a.

Mikwo twotwa VOA te fe nan Potoprens te jwenn ke pi fò Ayisyen pa vle pou yon lòt fòs mentyen lape LONU debake nan peyi a, akoz move konsekans sa te genyen sou popilasyon an nan le pase.

Nap raple ke denye fòs mentyen lape LONU ki te an Ayiti ant ane 2004 ak 2017 te soulve anpil kritik pou epidemi kolera yo te kreye a epitou abi seksyel.

Gen 400 polisye Kenyan ki an Ayiti aktyelman, e kap travay ak Polis Nasyonal Ayiti (PNH) nan operasyon anti-gang yo. Misyon an anvizaje 1,000 polisye Kenyan, epitou polisye ki soti Bahamas, Barbad, Jamayik, Bangladesh, Benin, epi Tchad. Fos la ta sipoze gen yon total 2,500 moun le deplwaman an konplè.

Nempot ki rezolisyon Etazini ak Ekwate prezante dwe apwouve pa manm Konsey Sekirite LONU an anvan li antre an aplikasyon.


Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a