Accessibility links

Breaking News

Blinken Diskite sou Ayiti, Ekonomi ak Prezidan Dominiken Luis Ainader


Dominican Republic Blinken
Dominican Republic Blinken

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken rankontre Prezidan Dominiken Luis Abinader dèyè pot fèmen jodi Vandredi a, pou diskite sou dwa moun, pwosperite ekonomik ak sekirite rejyonal.

Blinken rankontre Abinader Vandredi apre li te pase yon jounen an Ayiti pou montre sipo Etazini pou misyon LONU apiye ke Kenya ap dirije pou ede PNH la konbat gang ame yo.

Abinader pale sou kè sote li genyen vizavi sityasyon an an Ayiti, etan done ke 2 peyi yo pataje yon fwontyè.

Abinader di kè sote li se ke pa gen ase resous pou misyon an. Li soulve tou le fèt ke kriz Ayiti a koze yon gwo ogmantasyon nan migrasyon Ayisyen.

XS
SM
MD
LG