Accessibility links

Breaking News

Blinken ap Vizite Repiblik Dominikèn


Sekrete deta ameriken an,Anthony Blinken pandan konferans pou lapres li nan salon diplomatik ayiti apre rankont li te genyen ak akte politik yo nan Potoprens, 5 Sept. 2024.
Sekrete deta ameriken an,Anthony Blinken pandan konferans pou lapres li nan salon diplomatik ayiti apre rankont li te genyen ak akte politik yo nan Potoprens, 5 Sept. 2024.

Sekretè d Eta Antony Blinken rive Repiblik Dominikèn Jedi swa.

Jodi Vandredi a, Blinken ap rankontre Prezidan Dominiken Luis Abinader ak lot responsab gouvènman an anvan li tounen Ozetazini pi ta jodia.

Blinken fè eskal Repiblik Dominikèn apre yon vizit tou kout nan peyi d Ayiti.

Pandan li te an Ayiti, Blinken te reafime angajman Etazini vizavi misyon miltinasyonal pou konbat gang ame yo epi li ankouraje Ayiti pouse pou pi devan pou oganize eleksyon jeneral moun ap tann depi lontan. Li di tou li apiye lide pou yo ta konsidere tabli yon operasyon mentyen lapè pou Ayiti.

Gen 400 polisye Kenyan ki an Ayiti nan kad misyon LONU patwone pou ede polis nasyonal la konbat zak vyolans gang yo nan kapital la ak lot rejyon peyi a, men anpil moun soulve kè sote kom kwa misyon an manke resous.

XS
SM
MD
LG