Blinken An Ayiti pou Montre Sipò Etazini pou Jefò Anti-Gang lan

Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken (a dwat) ak Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak lapres nan rezidans Chef Misyon Etazini an nan Potoprens, Ayiti, 5 Sept. 2024.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken rive Ayiti pou reafime angajman gouvènman an vizavi misyon miltinasyonal ki deplwaye nan peyi a pou konbat gang yo. Blinken pral ankouraje gouvènman an oganize eleksyon jeneral moun ap tann depi lontan.

Diplomat pi wo plase Etazini rive Ayiti Jedi nan moman yon kontenjan 400 polisye Kenyan ap dirije yon misyon LONU apiye pou konbat zak vyolans gang yo nan Potoprens. Anpil moun gen kè sote misyon sa a pa gen ase finansman ni ekipman.

Mèkredi, Brian Nichols, Sekretè d Eta Adjwen Ameriken pou Zafè Emisfè Oksidantal yo te di gouvènman an ap reflechi sou posibilite pou lanse yon operasyon mentyen lapè LONU pou sekirize lajan ak resous ase pou konbat gang ame ki kontwole 80 % kapital Ayisyèn nan.