Accessibility links

Breaking News

Ayiti: ULCC Devwale Nouvo Ka Koripsyon Kont Ofisyèl Wo Plase Leta


Inite Lit Kont Koripsyon, ULCC Detaye Rezilta Rapò li epi Bay Non Moun ki Endekse
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:37 0:00

Inite Lit Kont Koripsyon, ULCC Detaye Rezilta Rapò li epi Bay Non Moun ki Endekse

SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Ajans anti-koripsyon Ayiti a (ULCC) akize gwo ofisyèl nan gouvènman an pou krim ki gen ladann anrichisman ilegal ak abi pouvwa yo pandan yo te nan pòs yo.

Rapò sa se dènye gwo deblozay koripsyon ki pete nan gouvènman peyi dAyiti.

Denye ka yo enplike tou manje ki te la pou elèv lekòl leta yo ke responsab sa yo detounen pou lòt rezon, epi gen gaz gouvènman an ke yo te itilize pou benefis pèsonèl.

Hans Joseph, direktè jeneral Inite Anti-Koripsyon an, fè konnen ka koripsyon yo devwale madi a te koute gouvènman ayisyen an 4,7 milyon dola.

XS
SM
MD
LG