Yo 'Briskile' yon Responsab Simitye Arlington Pandan Trump t ap Patisipe nan yon Seremoni

Ansyen Kaporal Merin Ameriken Kelsee Lainhart (a goch) ak kandida prezidansyel Repibliken, ansyen Prezidan Donald Trump, depoze yon jeb fle tou pre tonbo solda enkoni a nan simitye Nasyonal Arlington, Lendi 26 Out, 2024.

Yon responsab simityè Arlington te "briskile" pandan yon kont ki te pete an anplwaye ansyen Prezidan Donald Trump yo avè l pandan seremoni kote Trump t al depoze yon jèb flè. Sepandan responsab la pat vle akize Trump ofisyèlman pou sa.

Yon deklarasyon pot pawol lame Etazini pibliye Jedi fè konnen anplwaye simityè tap eseye asire moun ki tap patisipe nan seremoni pou depoze flè yo tap suiv règ yo.

pot pawol la di anplwaye a "aji yon fason pwofesyonèl epi evite lot anpechman."

Yo te rapote ensidan an bay lapolis, men responsab la pat vle akize Trump ofisyèlman.

Lame a di li konsidere dosye a fèmen kounyea.