Jack Smith Fè Revizyon nan Akizasyon Li Gen Kont Trump nan Apre Li te Di ke Trump te Fè Tantativ pou Vòlè Eleksyon 2020 an

(COMBO) This combination of pictures created on August 27, 2024 shows Special Counsel Jack Smith (L) in Washington, DC, on June 9, 2023 and former US President and Republican presidential candidate Donald Trump in Howell, Michigan, August 20, 2024.

Avoka espesyal k ap pouswiv dosye kont ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump pou tantativ ilegal kote li ta chache ranvèse rezilta eleksyon 2020 an pibliye madi yon akizasyon revize.

Nan dosye revize sa a avoka espesyal la konsidere desizyon tribinal ke Kou Siprèm Etazini an te pran, sa pa gen lontan.

Dokiman an, ki gen ladann menm 4 akizasyon yo ki te parèt nan dokiman 1ye Daout 2023 a, "reflete volonte pati akizasyon an pou respekte ak aplike konklizyon ak lòd ki soti nan Tribinal Siprèm lan", se sa pòtpawòl Depatman Jistis, Peter Carr di nan yon deklarasyon.

Deklarasyon an konsènen desizyon ke pi gwo tribinal peyi a te pran nan dat 1ye Jiyè ki rekonèt ke prezidan an gen iminite nan zafè penal, kidonk pwoteksyon nan domèn sa a.