Harris Mete Aksan sou Lojman nan yon Nouvo Anons Piblisite

Kandida prezidansyel Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris (mitan) ak mari li dezyem gentleman Doug Emhoff a dwat, salye elev lise nan Aliquippa, Pensilvani, 18 Out, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris lanse yon nouvo seri piblisite pou atire atansyon elekte yo sou plan li genyen pou konstwi 3 milyon nouvo kay pandan 4 an kap vini yo.

Plan an ke li lanse Madi, gen kom bu pou anpeche enflasyon an ogmante pi plis. Li reprezante yon gwo diferans ak apwoch Repibliken Donald Trump la.

Harris mete aksan sou plan li nan yon nouvo anons piblisite ki dire yon minit kote li detaye eksperyans pèsonèl li.

Kandida prezidansyel Demokrat la grandi nan yon kay paran li te lwe pandan ke manman li tap ekonomize lajan pandan 10 zan pou l te ka achte yon kay.

Anons piblisite a vize elektè ki abite nan eta
"balanswa" yo - setadi yo vote Demokrat pa fwa e lot fwa yo vote Repibliken - pami yo Arizona ak Nevada.

Manm kanpay yo ap oganize tou 20 aktivite semèn sa a ki pral konsantre sou kestyon ki gen pou wè ak lojman.