Fòs Izrayelyen yo Lanse yon 'Operasyon Konplèks' pou Libere yon Otaj nan Gaza

Nan foto sa a ke Sant Medikal Soroka pataje ak lapres, Kaid Farhan Al-Qadi, 52 zan ke militan Hamas yo te kenbe ann otaj, kouche nan yon kabann pou egzaminasyon, 27 Out, 2024.

Fos Izrayelyen yo lanse yon "operasyon konplèks" pou libere yon otaj nan Gaza, dapre sa militè a rapote Madi.

Hamas te kidnape Qaid Farhan Aldadi pandan atak 7 Oktob ki te deklanche konfli Gaza a. Fanmi misye te kontan a mo e yo te kouri ale nan lopital kote lame a te mennen misye apre yo te resevwa nouvèl sou operasyon sekou a.

Sa te pote yon moman lajwa ki ra pou Izrayelyen yo apre prèske 11 mwa lagè. Plizyè douzèn otaj toujou nan men Hamas malgre jefo entènasyonal kap dewoule pou jwenn yon seselfe epi sekirize liberasyon yo.

Ministè Sante Gaza a di ofansiv Izrayèl la touye plis pase 40 mil moun. Lagè a te tanmen apre militan Hamas yo te atake sid Izrayèl 7 Oktob epi touye 1,200 moun - pi fo pami yo sete sivil epi pran apepre 250 moun an otaj.