Trump ap Eseye Lye Harris ak Retrè Kawotik Etazini nan Afghanistan

Ansyen Kaporal Merin Ameriken Kelsee Lainhart (a goch) ak kandida prezidansyel Repibliken, ansyen Prezidan Donald Trump, depoze yon jeb fle tou pre tonbo solda enkoni a nan simitye Nasyonal Arlington, Lendi 26 Out, 2024.

Ansyen Prezidan Donald Trump ap eseye lye Vis Prezidan Kamala Harris ak retrè kawotik twoup Ameriken yo nan fen lagè Afghanistan an. Misye pran la pawol sou sijè a a l'okazyon twazyèm anivèsè atak ak bonb suisid ki touye 13 militè Ameriken.

Trump t al depoze yon jèb flè nan Simityè Nasyonal Arlington nan nan lonè Sèjan Nicole Gee, Darin Hoover ak Ryan Knauss Lendi.

Trump gen entansyon vwayaje Michigan pi ta nan jounen an pou pwononse yon diskou devan rankont Asosyasyon Gad Nasyonal Etazini an.

Semèn pase a, Trump te souliyen komantè Harris te fè pou di li te dènye moun ki te rete nan sal la anvan Biden te pran desizyon pou Etazini pati kite Afghanistan.