Accessibility links

Breaking News

Obama yo Klotire Dezyèm Sware Konvansyon Demokrat la ak Andòsman pou Harris, Avètisman pa Rapò ak Trump


Ansyen Prezidan Barack Obama kwoke madanm ni, ansyen premye dam Michelle Obama nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la Madi 20 Out, 2024.
Ansyen Prezidan Barack Obama kwoke madanm ni, ansyen premye dam Michelle Obama nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la Madi 20 Out, 2024.

Ansyen Prezidan Etazini Barack Obama ak madanm ni Michelle Obama lanse avetisman bay Demokrat yo pou di chimen ki devan yo ka difisil. Yo mande Ameriken koute mesaj ijan Kamala Harris lanse nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la kote l di se yon epok pou gen eswpa an menm tan ke li danjere.

Ansyen premye dam Michelle Obama di espwa komanse reparet.

" Men pandan nap akeyi nouvo espwa sa a ann pa bliye dezespwa nou te resanti. Ann pa bliye batay ki devan nou. Wi Kamala ak Tim anfom kounyea. Nou renmen sa. Yon pakèt moun vinn wè yo toupatou nan peyi a. Moun yo resanti yon voum enèji. Men sonje gen anpil moun tou ki dezespere pou yon rezilta diferan. Ki pare pou kestyone epi kritike tout sa Kamala fè. Moun kontan pwopaje manti, ki pa vle vote pou yon fanm. Ki pral kontinye priyorize ogmante richès yo olye yo asire tout moun gen ase pou viv."

Apre sa li te kritike Repibliken Donald Trump - sa ki reprezante yon depa egu ak diskou li te pwononse devan konvansyon an an 2016 kote li te di pati a "le yo bese ba nou dwe monte pi wo."

Barak Obama limenm, premye prezidan Nwa nan listwa peyi Etazini ensiste pou di peyi a pare pou eli Harris, ki gen eritaj Jamayiken ak Endyen.

" Li kraze yo antan bi patizan sou imigrasyon ke an pati youn nan Repibliken pi konsevate nan Kongre a ede ekri, ki tapral ede sekirize fwontye sid nou an paske li te konprann si nou rezoud pwoblem nan sa pral andomaje kanpay li. Pa rele chal bari - al vote pito. "

Si Harris elu li ta premye prezidan fanm nan listwa Etazini.

XS
SM
MD
LG