Kennedy Pral Fè yon Diskou sou Eta Kanpay li Vandredi

Kandida prezidansyel Endepandan Robert F. Kennedy Jr pale ak jounalis yo nan Mineola, Nouyok, 21 Out, 2024.

Kandida prezidansyèl Endepandan Robert F. Kennedy pral pran la pawòl Vandredi sou "moman istorik aktyèl la ak chimen avni an". Se sa kanpay misye anonse Mèkredi. Bwi ap kouri pou di kòm kwa Kennedy taka bay kous prezidansyèl la vag epi apiye kandida Repibliken Donald Trump.

Kolistye Kennedy a diskite sou posibilite sa a nan yon podcast li pibliye semèn sa a.

Nicole Shanahan di kanpay la ap konsidere "pote kole" ak Trump pou limite posibilite pou Vis Prezidan Demokrat la, Kamala Harris ranpòte eleksyon an.

Kennedy se yon manm dinasti byen eme Demokrat la epi neve Prezidan John F. Kennedy. Li se pitit gason Robert Kennedy.