Google Konfime Pirat Iranyen Te Vize Kanpay Trump ak Harris

Republican presidential nominee former President Donald Trump speaks at a campaign rally Aug. 14, 2024, in Asheville, N.C.

Google di ke yon gwoup pirat ki afilye peyi Iran, APT42, te vize kanpay Kamala Harris ak Donald Trump, sa ki konfime akizasyon ekip kanpay yo te fè a .

Yon ekip analiz menas sou entènèt Google te di nan yon blog:

"An Me ak Jen, APT42 te atake kont imel pèsonèl yon douzèn moun ki afilye ak Prezidan Joe Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump, ki gen ladan aktyèl ak ansyen ofisyèl gouvènman ameriken ak moun ki asosye ak kanpay respektif yo,"

Google presize ke yo "bloke plizyè tantativ ke APT42 tap fè pou konekte ak bwat mesajrie pèsonèl moun ke yo vize". Men, atak yo te kontinye.

Ekspè nan cybersecurity Google "kontinye ap obsève tantativ ke APT42 ap fè pou antre nan kont pèsonèl moun ki afilye ak Prezidan Joe Biden, Vis Prezidan Kamala Harris, ak ansyen Prezidan Donald Trump."

Dapre yo, Pirat entènèt itilize taktik trè fasil ke tout moun abitye : tankou yo eseye rantre an kontak ak sib yo kote yo fè tèt yo parèt kòm jounalis , Lè sa a, yo voye imèl èskrokri, ki gen fo lyen, ki pèmèt yo gen aksè a imel itilizatè a.

Gwoup APT42 asosye ak Gad Revolisyonè Islamik yo, lame ideolojik Repiblik Islamik Iran an, dapre Google.

Jeyan entènèt Kalifòni an ensiste pou ke piratt yo te vize tou "itilizatè wo nivo nan Izrayèl la ak Etazini", ki gen ladan ofisyèl gouvènman, diplomat ak chèchè.

Ekip kanpay kandida demokratik la prezidans Kamala Harris te di Madi li te vize pa pirat etranje yo.