Blinken: Etazini 'Opoze ak Fèmte' Vizit Minis Sekirite Nasyonal Izrayelyen an Fè nan Tanp Haram al-Sharif la

Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken nan Depatman d Eta a, Lendi 5 Out, 2024.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pibliye yon deklarasyon Madi apremidi (13 Out) kote li fè konnen Lèzetazini "opoze ak fèmte" vizit Minis Sekirite Nasyonal Izrayelyen Itamar Ben Gvir fè nan tanp Haram al-Sharif la 13 Out.

Tanp sa a ke moun konnen kòm al-Aqsa tou, sitye sou yon morn nan ansyen vil Jeruzalèm ke moun relijyon Juif, Kretyen ak Mizilman ap venere kòm lye sen depi plizyè milye lane.

Blinken di vizit la montre yon "mepri flagran" pou stati istorik lye sen yo nan Jeruzalèm.

"Aksyon pwovokatris sa yo agrave sèlman tansyon yo nan yon moman charnyè kote fokis la ta dwe konsantre sou jefò diplomatik pou atenn yon akò seselfe epi liberasyon tout otaj yo epi kreye kondisyon pou plis stabilite nan rejyon an."

Minis Sekirite Nasyonal Izrayelyen Itamar Ben-Gvir vizite tanp Al-Aqsa nan ansyen vil Jeruzalem, 13 Out, 2024. (Foto: Administrasyon Temple Mount Administration / via REUTERS)

Blinken di Biwo Premye Minis Benjamin Netanyahu di klèman aksyon Minis Ben Gvir yo pa konfòm ak politik peyi Izrayèl.

Li ajoute: "Nou atann nou aske Gouvènman Izrayèl anpeche bagay konsa pase nan lavni."

Blinken fini pou di Etazini "reafime angajman nou vizavi prezèvasyon istorik statu quo a e nou va kontinye opoze mezi inilateral ki kontpwoduktif vizavi objektif atenn lapè ak stabilite epi ki minnen sekirite Izrayèl."

Korespondan VOA nan Depatman d Eta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a