Venezyela Bloke Rezo Sosyal X pou 10 Jou:

Nicolás Maduro

Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro entèdi rezo sosyal X pou 10 jou Jedi.

Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro entèdi rezo sosyal X pou 10 jou Jedi. Li di li pran desizyon an paske moun te sèvi ak rezo a pou chofe tèt moun pou komèt zak vyolans pandan eleksyon prezidansyèl la.

Devlopman sa a vini apre otorite elektoral Venezyela te pwoklame Maduro genyen eleksyon prezidansyel 28 Jiye a, malgre li poko prezante rezilta ofisyel yo ki montre Maduro te ranpote 51% vwa yo.

Anvan sa, Maduro te kritike pwopriyetè X la, Elon Musk.

" Elon Musk se pwopriyetè X e li vyole tout règ rezo sosyal Twitter yo ke nou konnen kom X kounyea. Li vyole règ sou ensitasyon pawol rayisman, fachism, gè sivil, lanmo, konfwontasyon Venezyelyen epi tout lwa Venezyela a la wonn badè."

Chire pit ant Maduro ak Musk vinn pi chofe depi eleksyon an.

Musk limenm konpare prezidan Venezyelyen an ak yon bourik.

Epi tou le 2 lanse defi bay lot la pou goumen nan komantè yo pibliye sou X ak sou rezo nasyonal Venezyela.

Entèdiksyon an se yon lot atak kont Jeyan Teknoloji yo semèn sa a. Maduro te ankouraje patizan li yo pou yo bay WhatsApp vag epi itilize Telegram oubyen WeChat pito.

Maduro deklare moun ap sèvi ak WhatsApp pou menase fanmi solda ak polisye yo.

Pandansetan Jedi, Minis afè etranje Brezil, Meksik ak Kolonbi repete apèl yo pou ko elektoral Venezyela pibliye dokiman elektoral yo.

Etazini, Ajantin ak Chili derefize rekonèt viktwa Maduro a.