Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl Venezyela: Lajistis Akize 4 Jounalis de Teworis


Venezuela Undone - Piracy
Venezuela Undone - Piracy

4 jounalis te jwenn arestasyon yo pandan latwoublay ki te genyen nan peyi a aprè eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a nan Venezyela yo. Lajistis akize jounalis yo de "teworis".

Se sa Sendika Travayè Laprès (SNTP) te anonse Mèkredi, li denonse koman li enposib pou jounalis yo chwazi avoka yo.

SNTP te di nan yon deklarasyon ki pibliye sou rezo sosyal Mèkredi "Nou denonse itilizasyon ilegal ak abitrè lwa anti-teworis nan Venezyela, sitou kont jounalis yo te arete pandan manifestasyon apre eleksyon nan peyi a."

Fotograf Yousner Alvarado (Barinas, lwès) ak Deisy Pena (Miranda, sant), kameraman Paul Leon (Trujillo, lwès) ak jounalis José Gregorio Carneiro yo te akize de teworis e yo nan prizon.

Sendika a te kontinye pou l di "Nan tout ka yo, yo te refize gen pwop avoka yo".

Ajitasyon ki te vini apre pwoklamasyon viktwa prezidan sòtan an Nicolas Maduro te lakoz lanmò 24 moun, dapre yon rapò òganizasyon dwa moun mete ajou madi a. Maduro anonse lanmò 2 manm gad nasyonal la ak arestasyon plis pase 2,200 moun.

Pami moun ki te arete yo te genyen lidè opozisyon an, tankou jounalis Roland Carreno, yon aktivis pou pati Voluntad Popular (VP).

Lajistis la tou endike ke li te louvri yon ankèt kriminèl kont kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia ak lidè opozisyon an Maria Corina Machado ki te pibliye yon deklarasyon ansanm kote yo te mande militè a bò "bò pèp la".

Konsèy Elektoral Nasyonal la ratifye viktwa Misye Maduro nan Vandredi ak 52% vòt yo, san sepandan fè piblik tout minit biwo vòt yo, di ke yo te viktim piratage òdinatè.

Dapre opozisyon an, ki pibliye minit yo te jwenn gras a egzekitè li yo - validite sa a se rejte pa Mesye Maduro - Mesye Gonzalez Urrutia ranpòte eleksyon prezidansyèl la ak 67% nan vòt yo.

XS
SM
MD
LG