Accessibility links

Breaking News

Envestigatè Jwenn ADN Ansyen Sòlda Fòs Espesyalize Ameriken “Green Beret” Sou Zam Ki Enplike Nan Tantativ Koudeta Kont Maduro


FILE - In this March 12, 2020 file photo, Venezuelan President Nicolas Maduro gives a press conference at the Miraflores presidential palace in Caracas, Venezuela.
FILE - In this March 12, 2020 file photo, Venezuelan President Nicolas Maduro gives a press conference at the Miraflores presidential palace in Caracas, Venezuela.

MIAMI (AP) — Envestigatè federal yo di ke yo te dekouvri ADN yon ansyen sòlda “Green Beret” sou kèk pami 60 zam otomatik ki te swadizan pase nan kontrebann soti nan Florid pou ale an Amerik di Sid nan kad yon tantativ koudeta echwe an 2020 kont Prezidan Venezyelyen an Nicolás Maduro.

Akizasyon yo parèt nan papye tribinal yo te depoze kèk jou apre arestasyon Jordan Goudreau semèn pase ak anpil prèv ki te montre lyen li te genyen ak trafik zam ilegal ki gen rapò ak atak echwe sila.

Tantativ koudeta a te fini apre plizyè konbatan te mouri e 2 nan ansyen kòlèg Fòs Espesyal Ameriken Goudreau yo te fèmen nan prizon pou plizyè ane nan Venezyela.

XS
SM
MD
LG