Harris ak Walz Vwayaje Ansanm nan Wisconsin ak Michigan

Kandida prezidansyel pati Demokrat la Vis Prezidan Kamala Harris ak kolistye li Gouvene eta Minnesota Tim Walz paret ansanm nan yon miting politik nan Filadelfi, 6 Out, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris ak Gouvènè Minnesota Tim Walz ap pase premye jounen konplè yo ansanm kom kolistye nan eta Wisconsin ak Michigan.

"Tim Walz ave m se vre nou soti nan diferan rejyon gran peyi sa a men nou gen menm prensip yo. Epi nou tou le 2 kwe nan apiye moun pa denigre yo."

Tim Walz deklare: " Fok mwen diw kolistye Trump la gen yon ajanda danjre epi demode pou peyi sa a. JD Vance ekri entwodiksyon ajanda Pwojè 2025 la. Menm jan ak sitwayen nomal mwen grandi nan sant wès Etazini, JD Vance etidye Yale, li fè karyè li nan Silicon Valley ak milyadè yo, epi apre sa ekri yon liv kote li kritike kominote sa a. Mezanmi. Sa pa reprezante sant Etazini. E fok mwen di w m paka tann pou m fè deba ak misye."

Vance limenm reyaji sou nouvo advèsè li a konsa:

"Li chwazi Tim Walz yon neg ki vle voye djob nan Lachin, ki vle bay imigran ilegal pèmi kondui, ki vle fè kriz dwog la vinn pi grav paske li refize fè travay li epi rann li pi fasil pou sitwayen Ameriken - pa migran ilegal viv byen. Donk mwen kwè savledi ke Kamala Harris ap postile antanke politisyèn liberal San Francisco, li gouvène tankou liberal San Francisco e li chwazi yon kolistye ki konfom ak stil liberal San Francisco a."

Vance di jounalis yo li vle fè debak ak Walz apre ke li va ofisyèlman ranpote nominasyon a la vis prezidans pati Demokrat la.

Vwayaj la gen kom bi pou kore sipo kandida Demokrat yo pami elektè ki pi jèn, pa blan, ak sa yo nan klas travayè ki te jwe yon wol enpotan nan eleksyon Prezidan Joe Biden te genyen an 2020.

Kowalisyon an sanble febli akoz fason Biden jere konfli Izrayelo-Hamas la.

Lidè kominote Arab Ameriken an ak sendika travay kle yo di yo ankouraje pa chwa Harris fè pou vis prezidan.

Yo di sa siyale ke li koute kè sote yo eksprime yo.

Lidè yo te opoze gouvènè Pènsilvani Josh Shapiro, paske yo di li te ale two lwen nan apui li pou Izrayèl.