Jij nan Dosye Trump Nan New York La Retade Dat Desizyon li sou Posib Iminite Prezidansyèl pou Ansyen Prezidan an

Trump Hush Money

NEW YORK (AP) — Jij ki te dirije jijman ansyen prezidan Donald Trump pou lajan ke li ta peye an kachèt pou achte silans yon vedèt porno, jij sa a ranvwaye dat pou pou li pran desizyon pou konnen si ansyen prezidan an gen iminite prezidansyèl nan dosye sila, kidonk pwoteksyon devan lajistis.

Dat pou desizyon sou iminite a te fikse pou 6 Septanm, e dat pou santans lan te fikse pou 18 Septanm.

Men avoka Trump yo te mande Jij Juan M. Merchan semèn pase pou l pran desizyon dabò sou demand yo fè ankò pou li wete tèt li nan dosye sila.

Nan yon lèt ki parèt an pibik Madi, Jij Juan M. Merchan fè konnen li ranvwaye desizyon iminite a pou 16 septanm - si sa nesesè toujou apre li fin deside lòt semèn si li ap wete tèt li nan dosye a.