Amerikèn Simone Biles Pran yon Lòt Meday Lò nan Jimnastik

Simone Biles, vedet jimnastik Etazini, selebre meday lo li sot ranpote a nan Jezolenpik Paris yo, 1 Out, 2024.

Amerikèn Simone Biles devanse Rebeca Andrade ki se moun Brezil pandan konpetisyon jimnastik jeneral chaje ak tansyon Jedi poul pran meday lo a pou dezyèm fwa.

Biles te pran 59 pwen tandiske Andrade limenm pran 57. Se konpetisyon pi sere Biles janm konstate nan yon konpetisyon entènasyonal.

Kanmenm, mamzèl te pran lo a epi kwoke kanmarad li yo. Amerikèn Sunisa Lee, pran meday Bwonz la.