Hezbollah Ap Chache Pou Nonmen Yon Nouvo Kòmandan

  • Serge Michel

An photo taken on July 30, 2024, shows rescuers on the street near a building with destroyed top floors following an Israeli military strike on Beirut's southern suburb.

Gwoup militan Hezbollah ki baze nan Liban di, jodi mèkredi a, li t ap chache pou gwoup la pou mete yon nouvo kòmandan nan tèt li apre Izrayèl te fè konnen li touye kòmandan yo a nan yon frap aeryen nan Bewout.

Yon deklarasyon Hezbollah fè konnen Fouad Shakur te nan bilding fòs izraelyen yo te frape ayè madi a.

Izrayèl di Shakur te responsab pou frap aeryen samdi a ki te touye 12 timoun sou yon teren football nan Mòn Golan-yo ke Izrael okipe.