Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen an Mande Venezyela pou l Mete Fen nan 'Represyon' kont Opozisyon an


Belgium EU Foreign Ministers
Belgium EU Foreign Ministers

Chèf diplomasi ewopeyen an, Josep Borrell, mande gouvènman Venezyela a pou l mete yon fen nan zak "represyon" kont opozisyon an alòske manifestasyon koze lanmò yon douzèn moun nan peyi a apre anons reeleksyon Prezidan Nicolas Maduro a.

Borrell te di sou rezo sosyal yo: "Otorite Venezyelyen yo dwe mete fen nan detansyon, represyon ak diskou ki ensite vyolans kont manm opozisyon an e sispann menas kont Edmundo Gonzalez Urrutia ak María Corina Machado yo ki inakseptab".

XS
SM
MD
LG