Accessibility links

Breaking News

Venezyela Eleksyon: 749 Moun Jwenn Arestasyon nan Manifestasyon kont Maduro


Anviwon 749 moun jwenn arestasyon nan Venezyela nan kad manifestasyon kont re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro, dapre sa Pwokirè Jeneral Tarek William Saab anonse madi, e li ajoute ke "ka gen plis arestasyon toujou".

Li deklare ke "Chif preliminè a se 749 delenkan ki anba kòd," se sa Saab di nan yon deklarasyon bay laprès, kote li presize ke majorite nan yo tonbe anba akizasyon pou "rezistans kont otorite" ak "teworis nan ka ki pi grav yo."

XS
SM
MD
LG