Accessibility links

Breaking News

Venezyela Anonse l ap Raple Anplwaye Diplomatik li nan 7 Peyi Amerik Latin


President Nicolas Maduro dances outside the Miraflores presidential palace after electoral authorities declared him the winner of the presidential election in Caracas, Venezuela, July 29, 2024.
President Nicolas Maduro dances outside the Miraflores presidential palace after electoral authorities declared him the winner of the presidential election in Caracas, Venezuela, July 29, 2024.

Lendi, dapre yon nòt pou laprès Ministè Afè Etranjè, Venezyela anonse retrè pèsonèl diplomatik li nan 7 peyi Amerik Latin ke li akize kòmkwa yo « foure bouch » nan zafè entèn Venezyela, kote li di ke gouvènman peyi sa yo eksprime dout sou re-eleksyon Nicolas Maduro dimanch, ke opozisyon an konteste.

Caracas kwè ke pozisyon gouvènman Amerik Latin sa yo (Ajantin, Chili, Kosta Rika, Panama, Perou, Repiblik Dominikèn ak Irigwe) "atake souverènte nasyonal" peyi li e li mande pou diplomat yo kite Venezyela.

6 moun ki te kolabore ak lidè opozyon Maria Corina Machado, e ki gen akizasyon konplo sou do yo, te al pran refij nan anbasad Ajantin depi mwa Mas.

XS
SM
MD
LG