Accessibility links

Breaking News

Venezyela sispann transpò ayeryen ak Panama e ak Repiblik Dominikèn


TURKEY-VENEZUELA-DIPLOMACY-MADURO
TURKEY-VENEZUELA-DIPLOMACY-MADURO

Ministè Transpò Venezyela anonse ke li pral sispann vòl avyon pou antre soti Panama ak Repiblik Dominikèn Mèkredi, akòz, li di, gouvènman 2 peyi sa yo ap "antre bouch nan zafè entèn" Venezyela, kote yo te poze kesyon pou konnen si tout bagay klè nan rezilta re-eleksyon Prezidan Nicolas Maduro a.

Se nan yon kominike ke gouvènman an anonse "sispansyon tanporè vòl komèsyal ki ap soti ak ale nan Repiblik Bolivarian Venezyela a, nan Panama ak Repiblik Dominikèn, apati 31 Jiyè."

XS
SM
MD
LG