Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Opozisyon an di yo ka Pwouve Viktwa yo a nan Eleksyon Prezidansyèl la


Venezuelan opposition leader Maria Corina Machado arrives at a polling station during the presidential election, in Caracas on July 28, 2024.
Venezuelan opposition leader Maria Corina Machado arrives at a polling station during the presidential election, in Caracas on July 28, 2024.

Lidè opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado, deklare ke opozisyon an gen mwayen kounye a pou "pwouve" viktwa kandida li a Edmundo Gonzalez Urrutia nan eleksyon prezidansyèl la.

Madam Machado di "Nou gen mwayen pou pwouve verite a," sa ki endike ke opozisyon an gen "prèv ke li gen viktwa a" apre ke, dapre sa yo di, yo kolekte 73% kopi bilten vòt yo.

Dapre rezilta kontaj sa a, opozisyon an fè konnen Gonzalez Urrutia jwenn 6.27 milyon vwa, kont 2.7 milyon pou prezidan sòtan an Nicolas Maduro, ke Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) pwoklame venkè.

XS
SM
MD
LG