Otorite Olenpik yo Ranvwaye Etap Natasyon Triyatlon Mesye yo Akoz Mikwòb ki nan Rivye Seine nan

Kanna naje nan flev Seine nan tou pre Tou Eiffel la pandan Jezolenpik d Ete yo nan vil Paris, 29 Jiye, 2024.

Kè sote ki egziste pa rapò ak kalite dlo flèv Seine nan lakoz òganizatè jezolenpik Paris yo ranvwaye triyatlon mesye yo.

Responsab yo deklare Madi yo espere etap natasyon kous la ap kapab ft nan flèv la Mèkredi oubyen nan jou kap vini yo apre yon jefò netwayaj ki koute chè.

Konpetisyon medam yo te sipoze fèt Mèkredi tou, men tout le 2 pral fèt sèlman si tès yo fè sou dlo a montre nivo bakteri E.coli nan flèv la pa poze okenn danje pou sante atlèt yo.

Sepandan move tan oubyen lapli ka tonbe ant Madi swa ak Jedi, dapre meteyo a, sa ki taka konplike jefò pou re-pwograme kous yo.

Dabitid, lapli konn lakoz nivo bakteri ki nan flèv Seine nan ogmante.