FBI Deklare Sispèk ki Tire Trump te Fè Rechèch Sou Asasina 'JFK'

FBI Director Christopher Wray appears before the House Judiciary Committee on Capitol Hill in Washington, DC, on July 24, 2024.

Rechèch sou asasina John F. Kennedy an 1963, vòl dronn sou espas kote evènman kanpay Trump la tap fèt la, aparèy eksplozif ki kapab aktive a distans: se detay sa yo envestigasyon FBI ap mennen sou tantativ Asasina kont Trump la revele.

Mèkredi 24 jiyè 2024 chèf FBI la te bay detay sou sa envestigasyon an jwenn, e li pale de pwofil sispè a, devan yon komisyon ankèt Kongrè a tabli.

Christopher Wray te deklare devan kongrè a: "Nou poko gen yon lide klè sou sa ki te motive sispè a. Nou kontinye fouye paske sa a rete yon kesyon santral pou nou".

Sispè a te enstale sou do kay nan yon bilding ki bay sou espas kote meeting kanpay Trump la tap dewoule nan Butler (Pennsylvania). Thomas Matthew Crooks, ki gen 20 louvri kout zam Samdi 13 Jiyè pase a , sou kandida Repibliken an, epi blese li nan zòrèy la.

Wray te di: "nap poze tèt nou kesyon eske se te yon bal oswa debri on bal ki frape zòrèy ansyen Prezidan Trump."

Fiziyad la te lakòz lanmò yon patisipan ki gen 50 an e li te blese 2 lòt moun.

Envestigasyon yo montre ke tirè a te fè rechèch sou Google "sou distans (Lee Harvey) Oswald te ye nan asisa (John F.) Kennedy," an referans a swadizan moun ki komèt zak asasina kont prezidan ameriken an 1963.