Accessibility links

Breaking News

Dapre Chèf Polis Eta Pensylvani Gen Polisye ki te Kite Pòs yo pou yo al Chèche Dèyè Sispè ki Tire Trump la


Election 2024 Trump Shooting Congress
Election 2024 Trump Shooting Congress

WASHINGTON (AP) — Chèf Polis Eta Pennsilvani an di 2 polisye lokal ki estasyone nan konplèks bilding kote nonm ame a te ouvri kout zam sou ansyen Prezidan Donald Trump la te kite pòs yo pou al chèche misye anvan tire a.

Temwayaj Kolonèl lapolis Eta Pennsilvani, Christopher Paris, nan yon seyans depozisyon nan Kongrè a Madi 23 Jiyè, te reponn kesyon pou konnen si yon pòs kle te rete san gad nan moman neg ame te monte sou do kay la.

Detay sa yo vini nan moman gen anpil kesyon ke moun ap poze sou yon pakèt erè ki te fèt nan perimèt sekirite a ki te pèmèt yon nèg ame monte sou do kay la epi tire 8 katouch sou yon foul moun kèk minit apre Trump te kòmanse pale nan miting nan.

XS
SM
MD
LG