Accessibility links

Breaking News

Chèf FBI la pral reponn kesyon manm kongrè a sou tantativ asasina kont Ansyen Prezidan Trump la


FBI Director Christopher Wray testifies before a Senate Appropriations Commerce, Justice, Science, and Related Agencies Subcommittee, in Washington, D.C.
FBI Director Christopher Wray testifies before a Senate Appropriations Commerce, Justice, Science, and Related Agencies Subcommittee, in Washington, D.C.

WASHINGTON (AP) — Direktè FBI Christopher Wray gen pou l temwaye nan ankèt biwo a ap fè sou tantativ asasinay kont ansyen Prezidan Donald Trump la.

Palmantè yo nan yon seyans depozisyon nan Kongrè a gen anpil chans pou met presyon sou Wray pou jwenn plis detay sou motif ki te nan tèt nèg ame li te lanse atak 13 Jiyè a nan Butler, nan eta Pennsylvani.

Seyans Mèkredi a devan Komisyon Jistis Chanm Depite a pral mete Wray nan yon posizyon pou li bay tout detay posib sou tire a pandan ajan FBI yo kontinye ap mennen ankèt sou nonm ame a ki te gen 20 tan. Pa gen atanta nan Etazini sou yon prezidan oswa yon kandida prezidansyèl depi epòk prezidan Ronald Reagan an 1981.

XS
SM
MD
LG