Accessibility links

Breaking News

Biden Remèsye Chèf Sèvis Sekrè a pou Sèvis li Apre Demisyon l nan Tèt Ajans la


Direktris Sevis Sekre Etazini Kimberly Cheatle temwaye devan yon Komisyon Lachanm sou tantativ asasina kont ansyen Prezidan Donald Trump, Lendi 22 Jiye, 2024.
Direktris Sevis Sekre Etazini Kimberly Cheatle temwaye devan yon Komisyon Lachanm sou tantativ asasina kont ansyen Prezidan Donald Trump, Lendi 22 Jiye, 2024.

Prezidan Ameriken Joe Biden remèsye Direktris Ajans Sèvis Sekrè Etazini an, Kimberly Cheatle, pou sèvis li apre li te demisyone madi 23 jiyè kèk jou apre li ap jwenn kritik piman bouk poutet ajans lan pa t anpeche yon nonm 20 lane tire ansyen Prezidan Donald Trump pandan yon miting politik.

Cheatle te fè fas a kritik tou le de pati yo (Demokrat ak Repibliken) lè li te parèt devan Komite Sipèvizyon Chanm Reprezantan an nan Lendi 23 jiyè. Li te refize reponn kek kesyon lejislatè yo epi fristre yo pa rapo ak plan sekirite pou rasanbleman an, ak kijan lapolis te reponn konpòtman sispèk moun ame a.

Plizyè lejislatè Repibliken ak Demokrat te mande li demisyone.

Sèvis Sekrè a, ki responsab pwoteksyon aktyèl ak ansyen prezidan ameriken an, ap fè fas a yon kriz apre yon mesye ame te tire sou Trump depi sou do yon kay ki te pre kote rasanbleman tap fèt la, 13 jiyè pase a.

XS
SM
MD
LG