Accessibility links

Breaking News

Direktris Sèvis Sekrè Etazini a Demisyonen Apre Tantativ Asasina Kont Trump la


U.S. Secret Service Director Kimberly Cheatle testifies before a House of Representatives Oversight Committee hearing
U.S. Secret Service Director Kimberly Cheatle testifies before a House of Representatives Oversight Committee hearing

Direktris Sèvis Sekrè a, ki jwenn anpil kritik piman bouk depi apre tantativ asasina kont ansyen prezidan Donald Trump 13 jiyè a, remèt demisyon li dapre sa, plizyè medya Ameriken rapòte Madi.

Direktris Sèvis Sekrè Etazini demisyonnen apre tantativ asasina ki fèt kont ansyen Prezidan Donald Trump ki te soulve yon pakèt kritik piman bouk kont ajans la.

Moun Ozetazini ap mande kijan ajans ki gen kom misyon pou pwoteje prezidan aktyèl la ak ansyen prezidan taka echwe nan misyon prensipal li.

Kimberly Cheatle te sèvi kom direktris ajans la depi mwad Out 2022.

Cheatle anonse depa li nan yon kourye elektwonik li voye bay anplwaye yo.

Cheatle tap fè fas ak anpil apèl pou rache manyok li epi plizyè ankèt sou kijan yon jenom ak zam te jwenn mwayen pou l pwoche kandida a la prezidans Repibliken an pandan yon miting politik li te genyen nan eta Pènsilvani.

XS
SM
MD
LG