Accessibility links

Breaking News

Direktris Sèvis Sekrè Etazini Dekri Tantativ Asasina Kont Trump la Kòm 'Pi Gwo Echèk Operasyonèl' Ajans la Konstate Depi Lontan


Direktris Sèvis Sekrè a, Kimberly Cheatle prete sèman devan yon Komisyon Chanm Depite Etazini pou diskite sou tantativ asasina kont Donald Trump la, 22 Jiyè, 2024.
Direktris Sèvis Sekrè a, Kimberly Cheatle prete sèman devan yon Komisyon Chanm Depite Etazini pou diskite sou tantativ asasina kont Donald Trump la, 22 Jiyè, 2024.

Direktris Sèvis Sekrè a di tantativ asasina kont ansyen Prezidan Donald Trump - sete "pi gwo echèk operasyonèl" ajans la konstate depi plizyè dizèn lane.

Direktris Kimberly Cheatle di palmantè yo Lendi pandan yon odisyon devan Kongrè a ke " 13 Jiyè nou echwe."

Cheatle di li pran tout responsabilite pou fo pa ajans la ki gen rapo ak atak ki te fèt kont miting politik Trump la nan Pènsilvani.

Cheatle ap temwaye devan yon komisyon kongrè a nan moman anpil moun ap lanse apèl pou l demisyonen akoz fay sekirite ki te genyen pandan rankont la.

Palmantè yo poze Cheatle yon pakèt kestyon sou poukisa li ta dwe kontinye nan pos li epi poukisa yo te kite Trump monte sou sèn nan apre otorite lokal yo te idantifye yon nèg ak zam ke yote panse ki sispèk.

XS
SM
MD
LG