Harris Gen Sipò Pi Fò Delege Li Bezwen pou Pran Nominasyon Prezidansyèl Pati Demokrat la

Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) ak mari li, Doug Emhoff, anvan diskou li pou anplwaye kanpay li nan Wilmington, Delaware, 22 Jiye, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris gen apui plis pase 2/3 nan delege Demokrat li bezwen pou tounen kandida prezidansyèl pati a.

Li tabli yon nouvo rekò tou pou kantite lajan li ranpòte 24 he apre li anonse kandidati li. Pandansetan Demokrat wo plase yo ap pran mezi pou kore sipò pou li, nan moman lap eseye ranpòte la viktwa sou Repibliken Donald Trump.

Responsab eli Demokrat yo ap eseye mete sou kote dram ki tap dewoule andedan pati a depi plizyè semèn sou kestyon kandidati Prezidan Joe Biden nan ak chans li genyen pou l genyen eleksyon Novanm nan. Lidè pati yo ak òganizasyon politik yo ap aji rapidman pou yo apiye Harris.

Ke sote Demokrat yo te genyen pa rapò ak kapasite Biden genyen pou l ranpli fonksyon prezidan an disparèt. Nouvo siy inite pati Demokrat la ranplase yo.