Lajistis Ris Jwenn Repòtè Ameriken Evan Gershkovich Koupab Pou Espyonaj

Russia US Reporter

YEKATERINBURG, Larisi (AP) — Lajistis nan Larisi kondane Repòtè Wall Street Journal Evan Gershkovich pou akizasyon espyonaj ke ni media kote li travay la ni otorite ameriken yo rejte.

Li jwenn santans 16 ane prizon apre yon jijman ki fèt an sekrè epi rapid.

Konklizyon jijman an ta ka pare chimen pou yon boukantay prizonye ant Moskou ak Washington.

Direksyon Jounal la rele sa yon "kondanasyon ki lèd e ki fè wont."

Gershkovich, ak tèt li byen kale, te rete kalm lè li te kanpe nan sa yo rele kalòj prevni an nan Tribinal Rejyonal Sverdlovsk epi li te koute vèdik la san moutre okenn emosyon.

Lè jij la mande si li konprann li, jounalis la reponn wi.

Apre yo te fin li vèdik la, yon moun nan tribinal la te rele byen fò, "Evan, nou renmen ou!"