Accessibility links

Breaking News

Gershkovich: Larisi di ke li Voye 'Siyal' bay Washington sou Boukantay Prizonye


APTOPIX Russia US Reporter
APTOPIX Russia US Reporter

Etazini ta dwe "seryezman" etidye "siyal" Moskou voye ba li pou yon boukantay prizonye ant 2 peyi yo, se sa Minis Zafè Etranje Adjwen Ris la di nan Mèkredi, kèk èdtan apre ouvèti pwosè jounalis Ameriken Evan Gershkovich ki te jwenn arestasyon nan Larisi pou zak espyonaj.

Dapre ajans nouvèl Interfax, Sergei Ryabkov di

"Administrasyon Biden nan, ki montre li enterese nan nan aktivite konsa sou sò Mesye Gershkovich, ta dwe konsidere seryezman siyal Washington resevwa nan liy kominikasyon apwopriye yo".

Depatman Deta Etazini di Gershkovich te jwenn arestasyon san rezon.

Repòtè a ki gen 32 lane te jwenn arestasyon pandan li te nan yon vwayaj pou fè repòtaj nan vil Yekaterinburg nan LaRisi an Mas 2023.

XS
SM
MD
LG