Biden Lanse Apèl pou Pati Demokrat La Rete Inifye

Prezidan Joe Biden monte sou sen nan pou pale nan Konvansyon Nasyonal NAACP a nan Las Vegas, Madi 16 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden ap reziste presyon moun ap mete sou li pou l lage pye li kòm kandida prezidansyèl pati Demokrat la fas ak ansyen Prezidan Donald Trump.

Biden gen COVID-19 ki lakoz li an karantèn lakay li nan eta Delaware, men li deklare Vandredi li pral reprann kanpay li semèn pwochèn. Deklarasyon sa a vize mete o zeka Demokrat wo plase kap mande pou l kite kous prezidansyèl pou eleksyon 2024 la.

Direktè kanpay Biden nan Vandredi admèt yon "bès" nan sipò men li di rezo televizyon MSNBC ke kanpan la wè divès chimen pou bat Repibliken Trump.

Pandansetan, gen plis palmantè Demokrat nan Kongrè a ki mande Biden rale kò li. Kounyea gwoup la enkli plis pase 24 moun.