Accessibility links

Breaking News

Sous AP: Nèg ak Zam ki Tire sou Trump te Gen Foto Biden ak Lòt Responsab Ameriken sou Telefòn ni


Yon pannkat elektwonik montre imaj ansyen Prezidan Donald Trump pandan miting politik li nan Butler, Pensilvani, 18 Janvye 2024.
Yon pannkat elektwonik montre imaj ansyen Prezidan Donald Trump pandan miting politik li nan Butler, Pensilvani, 18 Janvye 2024.

Jenòm Pènsilvani ki gen 20 an ki te eseye asasinen Donald Trump te gen foto ansyen prezidan Repibliken an, Prezidan Joe Biden ak lot responsab - pami yo Minis Jistis Merrick Garland ak Direktè FBI Chris Wray.

Se sa 2 moun ki familye ak kestyon an ki pale ak Associated Press sou kondisyon anonimite pou yo te ka diskite sou detay ankèt la.

Anketè kap chache prèv pou konnen kisak te pouse Thomas Matthew Crooks pou l louvri zam sou miting politik la Samdi.

FBI di yap mennen ankèt sou tantativ la kòm zak teworis nasyonal men yo poko jwenn yon rezon klè oubyen yon ideyoloji ki ta pouse misye pou l fè sa.

XS
SM
MD
LG