Prèske 2/3 Demokrat Vle pou Biden Rale Kòl nan Kous Prezidansyel la

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden

Prèske 2/3 Demokrat di Prezidan Joe Biden ta dwe rale kò li nan kous prezidansyèl la epi kite pati li chwazi yon lot kandida. Rezilta sa a soti nan yon nouvo sondaj opinyon ki fèt Ozetazini.

Sondaj la al kont deklarasyon Biden te fè apre deba li ak ex Prezidan Donald Trump kòm kwa pi fò Demokrat yo toujou apiye l menm si kèk "gwo pacha" pa apiye l kounyea.

Nouvo sondaj la ke ajans nouvèl Associated Press fè ansanm ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik te fèt 2 semèn apre echèk Biden nan sondaj la.

Li jwenn tou ke sèlman 3 sou 10 Demokrat gen anpil konfyans ke Biden gen kapasite mantal pou l ranpli pòs prezidan an. Se yon bès 40% konparativman ak sondaj ki te fèt nan mwad Fevriye a.

Rezilta sa yo souliyen gwo defi ki poze pou prezidan an ki gen 81 an, nan moman lap travay pou pe bouch moun nan pwòp pati li kap mande pou l kite kous prezidansyèl la.