Accessibility links

Breaking News

Elon Musk vle bay $ 45 milyon dola pa mwa pou sipòte Eleksyon Trump


Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.
Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.

Elon Musk planifye pou bay anviwon 45 milyon dola pa mwa bay yon gwoup k ap sipòte kanpay prezidansyèl Donald Trump, gwoup ki resevwa tou kontribisyon lòt moun nan endistri teknoloji a, dapre sa Wall Street Journal rapòte Lendi.

Gwoup la ke yo kreye nan mwa Me pase, dapre dokiman ke Komisyon Eleksyon Federal (FEC), li rele "America PAC", se yon super PAC, yon "komite aksyon politik", yon gwoup legal ki pa konekte ak yon ekip kanpay.

Gwoup la paka finanse dirèkteman yon kandida, men lalwa otorize li fè aksyon sipò, tankou kanpay piblisite oswa aktivite sou teren.

Dapre Wall Street Journal, "America PAC" konsakre resous li nan ankouraje sipòtè Repibliken yo nan eta ki gen anpil chans pou yo balanse bò kote Trump, pou yo enskri pou vote.

Pou elektè ki enskri pou vote, gwoup la ankouraje yo vote pa lapòs oswa vote bonè kidonk anvan dat nòmal la.

Dapre dokiman ke FEC pibliye, pami donatè yo nan "America PAC" gen 2 frè Cameron ak Tyler Winklevoss, ke moun konnen pou konfli ke yo te gen ak Mark Zuckerberg nan kreyasyon Facebook ak, pa lontan la a, pou envestisman yo nan lajan kripto.

Lis la gen ladan tou Douglas Leone, yon patnè nan konpayi envestisman Sequoia Capital, youn nan konpayi ki gen pi gwo renome nan Silicon Valley, ansanm ak Antonio Gracias, ki te administratè Tesla soti nan 2007 pou rive an 2021.

Non Elon Musk pa parèt sou lis kontribitè yo nan super PAC la, ki te ranmase $ 8.75 milyon dola nan fen mwa Jen an, dapre yon deklarasyon finansye ke li pibliye Lendi. Moun ki pi rich nan mond lan planifye kòmanse bay kontribisyon li mwa sa a, dapre Journal Wall Street.

Si entansyon Elon Musk, jan jounal finansye a rapòte li, tounen reyalite, se ta youn nan pi gwo donasyon yon moun bay nan yon kanpay elektoral nan istwa Etazini.

Pou eleksyon 2024 la, pi gwo don ke piblik la konnen pou kounyea se Tim Mellon, eritye bank Mellon, ki bay yon lòt super PAC ki sipòte Donald Trump, 50 milyon dola.

An tou, depi nan kòmansman kanpay la, Mellon ki gen apeprè 80 lane sou tèt li, bay plis pase 100 milyon dola, pifò ladan li anfavè Repibliken yo men tou yon moso pou sipòte kandida endepandan Robert F. Kennedy.

Nan mwa Mas, Elon Musk, ki posede yon afè $ 252 milya dola, dapre estimasyon sit entènèt magazin Forbes, te di li p ap bay lajan pou sipòte okenn kandida.

Samdi, yon ti tan apre atak sou Donald Trump la, li deklare piblikman sipò li pou ansyen prezidan an.

XS
SM
MD
LG