Biden Lanse Apèl pou Unite Apre Tantativ Asasina Kont Trump la

Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris bo kote l epi Minis Jistis Merrick Garland ak Sekrete Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas nan moman lap pwononse yon diskou nan Lamezonblanch sou tantativ asasina kont Donald Trump la, 14 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden kondane tantativ asasina ki fèt kont rival Repibliken li an, Donald Trump Dimanch e li di li rekonesan pou tande Trump ap rekipere apre blesi li sibi nan ensidan an.

Nan komantè li fè nan Lamezonblanch, Biden di li pral pwononse yon diskou pou pèp Ameriken an dimanch swa sou bezwen ki egziste pou inite. Li di li pase lod pou yo revize sak pase pandan miting politik Trump la nan Pènsilvani.

Your browser doesn’t support HTML5

Biden Lanse Apèl pou Inite Apre Tantativ Asasina Kont Trump la

Biden di: "Pa gen okenn plas Ozetazini pou zak vyolans konsa ni okenn vyolans pa kont. Yon tantativ asasina kontrè ak tout sa nou reprezante antanke nasyon - tout bagay."