Sekouris nan Gaza Dekouvri Plizyè Douzèn Kadav Apre yon Atak Izrayelyen

Palestinyen tounen nan katye ki detwi apre retre twoup Izrayelyen yo nan katye ki rele Shijaiyah nan Gaza, 11 Jiye, 2024.

Sekouris yo nan Gaza dekouvri plizyè douzèn kadav pami debri bilding ki kraze apre yon atak Izrayèl lanse nan Gaza siti.

Fos Izrayelyen yo - dapre nouvèl yo - pati kite kèk katye apre yo te pase plizyè jou ap bonbade epi goumen nan Tal al-Hawa ak Sanaa.

Lame Izrayelyen an di lap goumen kont militan Hamas ki regwoupe nan zon sa a - e ladann gen bilding ki te ebèje katye jeneral yon ajans LONU ki abandone.

Pandansetan, negosyasyon seselfe yo ap rapousuiv nan vil Kèr an Ejipt.