PM La Ongri Rankontre Trump nan Florid, Sa Enève Lidè LOTAN yo

Premye Minis La Ongri, Viktor Orban, te rankontre ak Donald Trump jedi 11 jiyè a nan Florid, kote yo te diskite sou "posibilite pou gen lapè" setadi sispann tire nan Ikrèn, dapre sa yon pòtpawòl premye minis la te di laprès.

Yon videyo ki afiche sou paj Facebook Orban te montre 2 mesye yo te rankontre nan Mar-a-Lago nan rezidans prive ansyen prezidan ameriken an Donald Trump genyen nan Florid.

Videyo a te pote tit : "Yon lòt etap nan vwayaj misyon lapè a, yon reyinyon ak Prezidan Trump."

Lidè nasyonalis la Orban, se yon gwo sipòtè Trump. Li te fè plizyè vizit sipriz tankou nan Kyèv, Moskou ak Peken nan 2 semèn ki sot pase yo nan kad yon "misyon lapè" ke li te di li ap fè. Anpil alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik fache ak mouvman sila.