Ruto di Gwo Chay Dèt Kenya Pral Gen 'Gwo Konsekans'

Foto Achiv: Prezidan Kenya, William Ruto, pwononse yon diskou sou fos miltinasyonal pou Ayiti a nan Nairobi, Kenya, 3 Oktob 2023.

Gwo kokenn chen chay dèt kap peze sou do Kenya ta sipoze ogmante pi plis apre manifestasyon kote moun mouri nan peyi a. Met sou sa, palman an rejte pwojè lwa finans Prezidan William Ruto te pwopose pou antre lajan pou peyi a. Kounyea, Ruto lanse avètisman pou di bagay sa yo pal gen "gwo konsekans".

Fas ak apèl moun ap lanse pou mande l demisyonnen, Ruto di gouvènman li an pral redui bidjè $2,7 milya li te pwopoze a de mwatye epi prete rès lajan an san li pa di ki kote li pral prete l.

Dèt piblik Kenya vo yon afè de $80 milya e li reprezante 70% pwodui nasyonal bri peyi a - swa nivo pi wo Kenya konstate depi 20 an.