Accessibility links

Breaking News

PM Garry Conille gen 'Konfyans' Jefò Gouvènman li an Ap Mennen Ka Jwenn Siksè


Premye Minis Ayisyen Garry Conille ak Minis Afe Etranje Dominique Dupuy pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken nan Washington, 2 Jiye, 2024.
Premye Minis Ayisyen Garry Conille ak Minis Afe Etranje Dominique Dupuy pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken nan Washington, 2 Jiye, 2024.

Anbasad Ayiti nan Washington oganize yon kòktèl d onè pou Premye Minis Garry Conille ak Minis Afè Etranjè Dominique Dupuy.

Sware entim lan, ki te gen patisipasyon dyaspora Ayisyèn Washington nan ak manm delegasyon ofisyèl premye minis la, sete yon opòtinite pou kominote a rankontre manm nouvo gouvènman Ayisyen an.

Premye Minis Conille dekri rankont li yo ak responsab Ameriken yo kòm pozitif e li bay yon kont randi sityasyon an nan peyi d Ayiti ke li dekri kòm "konplike".

"Mwen gen konfyans ke si nou ka re-engaje popilasyon Ayisyen nan, re-genyen konfyans yo, eksplike yo klèman kisa nap eseye fè, ofri yon stateji klè, itilize resous nou ak sipò nou resevwa, nou kapab gen siskè."

Conille pale de kontenjan 200 polisye Kenyan ki deja an Ayiti pou ede Fòs Polis Nasyonal la, e li di plis pral rive nan peyi a, anvan lontan.

"Nou atann nou aske kontenjan an ogmante rapidman e sètènman nan semèn kap vini yo nap gen sipò konplè. E sak bèl la se ke nou gen sipò sa a non sèlman bò kote Kenya men lòt peyi tou apiye l.Men kwe nou tout dakò ke sipò entèvansyon sa a depann anpil sou kapasite nou pou rebati relasyon nou ak kominote ki viktim zak vyolans yo."

Premye Minis Conille di li pral rankontre manm Konsey Sekirite LONU yo nan Nouyòk apre li kite Washington.

Minis Afè Etranje Dominique Dupuy limenm ki reprezante Diaspora a tou nan nouvo gouvenman an, dekri rankont li yo kòm pozitif tou, e li envite dyaspora a pou pataje avè l ide yo pou ede Ayiti.

Conille fini pou di entansyon li se retabli sekirite pi vit posib pou pemèt dyaspora a vinn byen pase pou fèt chanpèt an Ayiti, epi òganize eleksyon lib e onèt.

XS
SM
MD
LG