Accessibility links

Breaking News

Ayiti Enstale yon Nouvo Gouvènman ak Misyon Pou Tabli Sekirite ak Estabilite


New Haitian Prime Minister Garry Conille, left, speaks to the president of the council Edgard Leblanc Fils during his swearing-in ceremony in Port-au-Prince, Haiti, June 3, 2024.
New Haitian Prime Minister Garry Conille, left, speaks to the president of the council Edgard Leblanc Fils during his swearing-in ceremony in Port-au-Prince, Haiti, June 3, 2024.

Mèkredi 12 jen 2024 la, nan yon seremoni nan Primati a, yo te enstale Kabinè Premye Minis Garry Conille la.

Gouvènman sa kreye ak yon misyon byen presi ki gen ladann eseye retabli sekirite ak estabilite nan peyi d Ayiti, ki finn ravaje pa vyolans gang ame yo. Dapre yon rapò Nasyonzini, gang yo kontrole apreprè 80 % kapital la.

Dekrè pou nonmen manm nouvo kabinè a te pibliye nan Le Moniteur,ki se jounal ofisyèl leta ayisyen, 2 semèn apre konsèy tranzisyon prezidansyèl la te deziyen Garry Conille kòm Premye Minis pwovizwa.

Conille te ankouraje nouvo minis yo pou yo konprann nouvo angajman yo pran an e pou yo kiltive yon sans devwa patriyotik.

E li rekonèt pwa imans travay la. Conille pran angajman pou l batay kont ensekirite a e li di youn nan priyorite l se bay yon atansyon patikilye sou mwayen PNH la bezwen pou l akonpli misyon l ki se tabli lapè nan peyi a.

XS
SM
MD
LG